Lè la vi mwen va fini
E mwen janbe rivyè a,
Lè mwen wè briye
yon maten glorye
M ava konnen Redanmtè mwen
Lè m a rive nan syèl la
E souri Li va pou mwen yon byenveni.
Kè:
M ava wè Li, m a konnen Li,
Lè ma kanpe bò kote Jezu Kri;
Ma va wè Li, ma konnen Li
Ak mak klou yo Li genyen nan min Li.
2.
Ala kontan m a kontan
Lè m a wè Li fasafas
Ak tout gran amou
Kap briye nan je Li!
O! kè mwen va louwe Li
Pou mizerikòd ak gras!
Ki pare pou mwen
yon bèl plas nan lakay Li.
3.
Nan bèl peyi anwo a
Mwen genyen kèk byenneme,
Mwen sonje lè yo te di mwen orevwa
Ak lajwa yo va chante
Lè yo wè m ape rive,
Men mwen ta vle wè
Sovè mwen premyèman.
4.
M ape antre nan vil la
Ak yon ròb blan ki san tach
Kote p ap gen soufrans ni tristès ankò;
M ape chante ak zanj yo
Nan yon si bèl amoni
Men mwen ta vle wè
Sovè mwen premyèman.