Archive for the ‘Chanson Kreyol’ Category

Mélodies Joyeuses – Jezi se Sovè mwen, m ape rete fèm

Jezi se Sovè mwen, m ape rete fèm
Mwen p ap manke anyen
M ape rete fèm
Kou yon pyebwa
Ki plante bò rivyè a,
Wi, m ape rete fèm.

Kè:
M ape rete, m ape rete fèm _(bis)_
Kon yon pyebwa
Ki plante bò rivyè a
Wi, m ape rete fèm.

2.
Jezi ban mwen lavi
M ape rete fèm
Kache anba zèl Li
M ape rete fèm
Kon yon pyebwa
Ki plante bò rivyè a,
Wi, m ape rete fèm.

3.
Ak yon lafwa vivan
M ape rete fèm
Gras Li rann mwen Pisan
M ape rete fèm
Kon yon pyebwa
Ki plante bò rivyè a,
Wi, m ape rete fèm.

4.
Nouri nan pawòl Li
M ape rete fèm,
Travay jouk Li vini,
M ape rete fèm
Kon yon pyebwa
Ki plante bò rivyè a,
Wi, m ape rete fèm.

Melodies Joyeuses / Kreyol: Lè la vi mwen va fini

Lè la vi mwen va fini
E mwen janbe rivyè a,
Lè mwen wè briye
yon maten glorye
M ava konnen Redanmtè mwen
Lè m a rive nan syèl la
E souri Li va pou mwen yon byenveni.

Kè:
M ava wè Li, m a konnen Li,
Lè ma kanpe bò kote Jezu Kri;
Ma va wè Li, ma konnen Li
Ak mak klou yo Li genyen nan min Li.

2.
Ala kontan m a kontan
Lè m a wè Li fasafas
Ak tout gran amou
Kap briye nan je Li!
O! kè mwen va louwe Li
Pou mizerikòd ak gras!
Ki pare pou mwen
yon bèl plas nan lakay Li.

3.
Nan bèl peyi anwo a
Mwen genyen kèk byenneme,
Mwen sonje lè yo te di mwen orevwa
Ak lajwa yo va chante
Lè yo wè m ape rive,
Men mwen ta vle wè
Sovè mwen premyèman.

4.
M ape antre nan vil la
Ak yon ròb blan ki san tach
Kote p ap gen soufrans ni tristès ankò;
M ape chante ak zanj yo
Nan yon si bèl amoni
Men mwen ta vle wè
Sovè mwen premyèman.

73 ChanDesperans Kè Kreyòl (CDKK)

73 ChanDesperans Kè Kreyòl (CDKK)

Chak promès nan la Bib se pou mwen

Chak chapit, chak vèsè e chak li-n

Tout byenfè li se lanmou diven

Chak promès nan la Bib se pou mwen

chants d’Esperance eBook: Favorite and Greatest Hymns

<a href=”http://www.amazon.com/HaitianChantsofHope-dEspérances-Greatest-Cantiques-dEspérance-ebook/dp/B018LKSGAG/ref=sr_1_1?s=digital-text&ie=UTF8&qid=1448683725&sr=1-1″>Purchase a copy of this ebook now</a>

<p>Purchase a copy of this Chants d’Esperance ebook: <a href=”http://www.amazon.com/HaitianChantsofHope-dEsp%C3%A9rances-Greatest-Cantiques-dEsp%C3%A9rance-ebook/dp/B018LKSGAG/ref=sr_1_1?s=digital-text&ie=UTF8&qid=1448614633&sr=1-1″>Purchase a copy of this ebook from Amazon.com now</a>

<p>

<a href=”http://www.amazon.com/HaitianChantsofHope-dEspérances-Greatest-Cantiques-dEspérance-ebook/dp/B018LKSGAG/ref=sr_1_1?s=digital-text&ie=UTF8&qid=1448683725&sr=1-1″>Purchase a copy of this ebook now</a>

We Grow Writers

The Fresno State MFA Creative Writing Program is the home for #FresnoWriters

PREE

Caribbean. Writing.

FLORWING MAG

@florwingofficial

MATHILLAGES.FR

Le BLOG OFFICIEL de MATHILDE

Sliver of Stone Magazine

2010-2018 ARCHIVES

Haiti Result-Oriented Relief - HROR

A Person-to-Person Haiti Rebuilding Effort focused on Getting Things Done!

Afro Alice

Ak Cheve Natirèl, ou bèl!

Opinions de Femmes

Kreye lavi ke w vle a ak resous ke w genyen yo

ebookPublishersWeekly

Get Daily, Weekly, and Monthly Digital ebooks You Can't Miss

WordPress.com News

The latest news on WordPress.com and the WordPress community.

Here's To Us

Nerdiness Encouraged

Mudflats

Tiptoeing Through the Muck of Alaskan Politics