45 kreol echo des élus
MWEN PA KAPAB BLIYE
Men pakab bliye ki kotem te ye
Lè Jezi te jwenn mwen la vi m te chanje
Se pou sa map chante paske li sove m
Si satan vle bare m ma va rele Jezi
KÈ
Jezi va roule roch la
Ki vin bare m nan mon la (3 fwa)
E m konnen yon jou sa va chanje
2.
Mwen pa jamè bliye ki jan sa te ye
Lespri m te boulvèse paske m te mare
Lè m vin jwen ak Jezi tout bagay chanje
Roch la te mèt bare m Jezi delivre m
3.
Pafwa m konn ap kriye devan problè m yo
Mwen desann sou jenou m map rele Jezi
Mwen tande vwa Jezi kap pale avèm
Li di mwen pran kouraj tout bagay va chanje
4.
si ou santi ou tris e dekouraje
Ou leve wap kriye ou pa gen espwa
Ou mèt jwenn ak Jezi la konsole w
Wi se li men m ki di li va roule roch la
5.
Ou te mèt ofelen ou pa gen sekou
Ou te mèt meprize ou pa gen zanmi
Si ou se zanmi Jezi ou gen tout bagay
La vi ou te mèt tou nwa yon jou sa va chanje
